Lèn konnen desizyon sa ka pote peyi a nan wout diktati anplis pou anpil moun, demach la ta sanble tèt koupe ak lojik Divalyeris pou kenbe pouvwa a pou yon  bon bout  tan paskel jwenn sipò gwo peyi enperyalis yo tankou Etazini, Lafrans ak Kanada.

Yon pwojè ki bay gwo kè sote lakay anpil pwogresis nan peyi Dayiti lèn sonje konbyen moun Duvalier te asasinen epi egzile poul te ka tabli pwojè sa konsa nap mande èske ti aksidan Jojo te di ki pral rive yo pa koumanse rive sitou nan lanmò yon gwo save nan domèn dwa konstitisyonèl tankou mèt Dorval ? 

Antouka nap mande pou tout pwogresis yo, jounalis kap konbat plan diktati Jovnèl la tankou  Mèt Moren, Osnel JB, Jean Mona, Lilianne, Marvel, St Ton, Roberson, Geffrard, Romanès, elatriye rete vijilan nan moman sa.

Nap fè yon apèl ak tout òganizasyon pwogresis yo tout jèn andan inivèsite a ki kwè nan batay pou chanje kondisyon mas yo, sosyete sivil ki pa sosyete sivil Rony Deroches la pou leve kanpe kont plan diktati sa jovenèl vle tabli andan peyi a. Paske diktati pap bon pou peyi a. Diktati kite tròp gou amè nan bouch pèp ayisyen an. Kidonk batay pou chanje sistèm sa dwe fèt avèk yon opozisyon ki pa opozisyon sistèm nan.

Viv yon lòt lidèship ki pa mare nan pye tab sistèm nan.

Jacques Wilson Jean

Vye Papa

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

RDC | « Suicide » de Chérubin Okende : la famille n’y croit pas

Une conclusion qui surprend, alors que des images montrant son corps criblé de balles avai…