Yon refleksyon ki chita sou konpòtman fanm ak gason Ayisyen dwe genyen nan sitiyasyon malouk yap viv ak fòm dominasyon yap sibi  jounen jodia. « Etnografik »

Listwa pèp ayisyen an konstwi sou batay konsa yonn nan objektif goumen yo se te poun wete tèt nou anba lesklavaj savle di poun te kab viv tankou moun.

Jodi a, nan lespri kolektif pèp Ayisyen an, viv san mannyè pou revòlte vin nòmal kòmkwadire menmsi yo paka manje ak yon konsyans nayif yap viv « sa te toujou konsa, chak dwèt pa menm longè, pito nou lèd nou la », konsa tout vye lojik restavèk fè nou bliye kote nou sòti nou menm bliye si kilti  n’ ak mès nou te  zouti konba nou pou te libere anba lesklavaj.

Jounen jodia refleksyon sa ap pèmèt nou wete grif kolon yo sou  koun’ paske lespri nou mare ak gwo kòd pit pandan lamizè soti pou toufe nou menm respire n’ paka respire. Èske nap rete toufe pandan nou gen posiblite poun’ wete pye kolon nwa (Jovnèl) ak kolon blan tankou Lalim ak Sissonn ki sou kou nou avan 7fevriye 2021?

Jodia nou dwe tounen nan rasin nou paske rasin nou makonnen ak kilti nou poun’ pa janm rete ak moun epi revòlte kont tout fòm dominasyon nap repete pawòl JJD poun’ fini

« swa nou viv tankou moun osnon nou tout mouri »

Viv batay pou moso byennèt pèp Ayisyen an.

Jacques Wilson JEAN

#Vyepapa

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

RDC | « Suicide » de Chérubin Okende : la famille n’y croit pas

Une conclusion qui surprend, alors que des images montrant son corps criblé de balles avai…