«Allo La Police» se yon ribrik Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) mete kanpe, nan lide pou prezante bay laprès ak popilasyon an, moun yo ta arete nan move zafè. Se seksyon ki okipel tou de relasyon laprès biwo kominikasyon laprès la ak relasyon piblik Polis Nasyonal la. Dapre ajan DCPJ yo, ribrik « Allo La Police » la ta ede popilasyon an byen idantifye bandi ak zèfèyis kap simen latwoublay, deranje la pè piblik ak anpeche sitwayen okipe yo de aktivite yo.

Nan prezantasyon prevni sa yo bay popilasyon an ak laprès, nou souvan wè, gen polisye ak jounalis ki pran plezi nan poze moun sa yo kesyon pou oblije yo temwaye, avwe oswa konfese yon move zak. E jounalis ak tout polisye sa yo konn fòse prevni yo reponn san asistans avoka jan lalwa garanti sa, e malgre lalwa bay yo dwa tou pou yo rete nan silans yo si yo pa gen avoka.

Tout moun ki abitye gade « Allo La Police » konn wè ak ki nivo awogans polisye DCPJ yo trete prevni yo, pafwa, menm jounalis yo konn pwofite pote lòt akizasyon oswa oblije prevni yo depale ak kesyon pyèj ki konn fè yo parèt koupab devan lopinyon piblik la. Trètman sa yo pouse seri moun poze kesyon sa : èske yon prevni gen dwa pou di li pap parèt devan kamera laprès nan « Allo La Police » ?

Si nou founi je gade sa Lalwa di, lè yo arete yon moun, li se yon « prevni », ki vle di yon moun ki poko koupab de anyen, e ki sipoze benefisye sa yo rele prezonpsyon inosans lan. Sa ta vle di, toutotan moun sa poko pase devan jij ki pou di li koupab, pèsonn moun pa gen dwa itilize imaj li paske sa ka gen gwo konsekans sou repitasyon l si apre yo ta jwenn li inosan.

Nou remake, ajan DCPJ yo souvan pran plezi nan imilye moun yo arete lè y ap fè yo parèt devan kamera ak mikwo laprès. Anpil fwa, yo pwofite prezante moun sa yo nan aparans endiyite, kote yap oblije yo gade kamera a, oswa fòse yo reponn kesyon. Polisye yo konn pale de yo tankou yo ta deja koupab, epi yo tou rakonte bay piblik la lòt move zak ke moun sa yo ta fè deja. Sa ki rann polisye sa yo aji tankou bouwo ak jij an menm tan, ki se wòl ak pouvwa lalwa pa bay yo.

Léonel Célestin ki se yon jèn jiris, avoka nan bawo Pòtoprens ta fè konnen,
« Lapolis gen obligasyon pou pwoteje tout moun li arete pou kelkeswa rezon an. »

Li kontinye pou di,

« Nan peyi Dayiti, lalwa prevwa sa yo rele prezonpsyon inosans lan, – dapre Atik 11-1 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun Ayiti te siyen ak ratifye – sa ki ta vle di, yon moun yo arete ta yon prezime inosan jiskaske yon tribinal ta kondane l. E prezante yon prezime inosan devan kamera laprès ka lakoz gwo konsekans sou diyite l si li ta inosan. »

Wi, yon moun yo arete gen tout dwa pou li refize pase devan kamera ak mikwo laprès nan « Allo La Police », li gen dwa tou pou l di li pap reponn okenn kesyon Lapolis san prezans yon avoka oswa yon temwen li chwazi.

Nan Atik 25 konstitisyon 87 la li di, yo pa gen dwa fè okenn presyon moral oswa britalite sou yon moun yo ta arete swa pou fòsel pale, oswa menas poul obeyi. Li kontinye pou di nan Atik 25-1 an, pèsonn pa oblije reponn entèwogasyon nan absans avoka li oswa yon temwen li chwazi.

Men, jèn Mèt la, ki se Léonel Célestin rete kwè, fas a yon popilasyon ki pa konn dwa li, lapolis pap janm respekte dwa moun yo arete genyen pou l pa reponn kesyon oswa pa parèt devan kamera laprès, sof si moun sa a ta genyen bwa dèyè bannan li.

Sou pawòl sa yo nap raple, tout popilasyon an tap tann figi Clifford Brandt nan « Allo La Police » nan mwa oktòb 2012, sa ki pat janm rive fèt. Pandan moun ap di se paske li se boujwa, yo pat konnen tou se yon dwa lalwa bay tout moun pou yo refize sibi imilyasyon nan men lapolis. Men nou wè ti malere ki san defans yo toujou kontinye ap sibi vyolans ak imilyasyon sa yo nan aktivite sa ki pa respekte okenn diyite moun.

Joseph LEANDRE

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

ONU FEMMES | Une année de souffrance pour les femmes et les filles soudanaises

Les femmes et les filles soudanaises paient un lourd tribut à cette violence, subissant de…