Chanjman pa fèt dèyè do moun, chanjman fèt ak moun ki pare pou chanjman. Moun ki rate koub chanjman yo pral santi soukous yo tankou yon lòk ki refize desann nan lestomak yo. Manifesta­syon toupatou sou latè kote blan melanje ak nwa kont zak kriminèl polisye yo fè sou George Floyd yo se siyal gen yon van k ap vire ni nan peyi Etazini ni nan anpil lòt peyi rasis. Nan sans sa a, pwotestasyon politik yo tonbe daplon ak lide Hannah Arendt[1] devlope sou filozofi politik yo, espesyalman sou sa li ekri sou enpòtans aksyon (nan politik), sou rapò libète avèk politik, sou rapò politik avèk dominasyon[2]. Nou chwazi liy panse Hannah Harendt la paske se premye filozòf nan tan modèn yo ki travay pou koze libète a tounen prensipal preyokipasyon filozofi politik la[3] (Abensour, 2002:228). Anvan Arendt, refleksyon filozofik sou politik te rete sou rapò politik ak dominasyon (kraze moun). Pou Arendt, politik pa ka gen lòt objektif pase okipe zafè site a (Abensour, 2002:250). Zafè site a se zafè tout moun tankou jan Grèk yo te konprann li depi nan Lantikite.

Konsa, objektif tout lit popilè se rache dwa pou moun viv nan yon rejim politik ki chita sou emansipasyon ak epanouyisman moun. Vrè sans lit popilè yo se ouvè espas libète yo, libète ki mache ak byennèt. Emansipasyon se reyalite kote sitwayen yo gen konsyans klè (san alyenasyon) y ap viv nan yon espas libète ki byen koresponn ak rezilta batay yo. Espas libète yo pa janm rive nan bout yo, ni yo pa janm fin definitif. Pa gen gany, politik oswa sosyal, ki etènèl. Si gen lit demokratik k ap ouvè espas libète yo, konsa tou, gen kouran anti moun, anti egalite, sipremasis rasis, k ap bat pou yo redui espas libète yo pou sèten kategori moun. Lit politik yo gendwa bati sou baz emansipasyon epi y abouti nan toufe aspirasyon popilè yo. Emansipasyon mache ak konviksyon tout moun gen menm dwa yo. Sa vle di, dwa yo pa ka egziste pou yon pòsyon moun epi yo pa valab pou yon lòt pòsyon. Lalwa pa dwe bay sèten moun dwa sou lòt moun, kit li ekri, kit li pa ekri. Epanouyisman se chalè popilasyon an montre nan satisfaksyon li jwenn nan nivo byennèt materyèl ak espirityèl li jwenn nan sosyete a. Epanouyisman mache ak garanti pa ka gen baryè nan sosyete a pou moun ki vle amelyore kondisyon lavi yo. Pawòl sa yo n ap di la a sou dominasyon anfas libète, sou emansipasyon anfas alyenasyon, sou epanouyisman anfas brimad, yo koresponn ak manifestasyon k ap fèt Etazini yo kont zak rasis lapolis abitye fè sou yon Ameriken nwa (George Floyd). Men yo koresponn tou ak dram n ap viv, nou menm pèp ayisyen, depi ofisyèl ameriken yo fòse klas politik la asepte Mateli kòm prezidan peyi a an 2011.

Ki moun ki George Floyd la ?

Devan je plizyè kamera, 4 polisye (Dereck Chauvin, Thomas Lane, J. Alexander Kueng ak Thou Thao) antann yo pou yo wete lavi yon moun yo te fin metrize, malgre siplikasyon pasan k ap filme sa k ap fèt la…, yo touye prevni an,  jis paske li gen po nwa. Etan polisye Chauvin ap pran plezi pou li toufe George Floyd ak jenou li, Thao, li menm,ap bare pou pasan yo k ap mande pitye yo pa anpeche Chauvin touye nèg nwa a. Epi yon twazyèm ap peze lestomak li ak soulye li. Menm lè anbilans la rive, Chauvin poko santi li lè li tan pou li wete jenou li sou kou kadav la.

Nan langaj ayisyen, nou ta di Floyd se yon malere k ap debat anba move lavi, yon jeyan dou k ap fè de (2) djòb, ki te vle repran kap lavi li, apre li te fin fè yon tou nan prizon[4]. Si yon moun ale sou sit entènèt Google.com epi li tape “George Floyd”, l ap jwenn gen plis pase 345 milyon referans dokiman ki gen rapò ak George Floyd. Pifò dokiman sa yo se dokiman k ap montre endiyasyon tout kalite moun sou latè devan zak moun pa dwe fè moun parèy yo. Men, tou se endiyasyon kont yon sistèm demokrasi rasis k ap kale detrès ak lanmò nan lòt peyi sou latè.

Èske sa ki rive George Floyd la te ka rive l an Ayiti ?

Nou pa ka di si fòmasyon polisye AYISYEN yo resevwa nan Akademi Polis (PNH) la aprann yo teknik polisye Chauvin itilize pou li touye Floyd la. Men, gen plizyè videyo ki montre kote polisye ayisyen ap touye nèg nwè parèy yo ak yon kout talon soulye nan tanp. Sèn sa yo repete twòp pou se pa yon teknik yo aprann nan Akademi Polis la, oswa yon teknik youn aprann nan men lòt. Men, kanta pou kò polis yo rele BOID[5] la, nou sèten polisye ki nan kò sa a resevwa yon fòmasyon espesyal pou yo pike dife nan zafè moun ak touye moun dèyè do lalwa[6].

Militè ak polisye aprann tout pwen vital yon moun gen nan kò li lè y ap pran fòmasyon. Sa vle di, kit li se polisye ameriken, kit li se polisye ayisyen, kit li se polisye nenpòt lòt nasyonalite, y ap toujou jwenn yon pwen vital pou yo frape depi yo anvi touye yon moun. Kit se nan ka Chauvin nan, kit se nan videyo ki sòti anndan yon komisarya nan peyi a,  zak kriminèl sa yo montre yon degre animalite ak tout rayisans san bòn ki di yo pa bay lavi sèten kategori moun okenn enpòtans. Nan ka Chauvin nan, pwofilaj rasyal la ka esplike pou ki sa yon polisye ka anvi detwi lavi yon nèg nwa. Men, nan ka sèten polisye ayisyen, ki sa yo gen nan fon nanm yo ki fè yo p ap ezite aji tankou Chauvin ? Egzanp, lè y ap touye Ayisyen ak yon kout talon soulye nan tanp. Se sèl polisye ayisyen yo ki ka reponn pou ki sa yo toujou pare pou yo fè kò pou yo bat Ayisyen san defans ki fin anba men yo.

Èske Ayiti ka nan pwofilaj rasis ?

Si nou rete sou sa yo rele pwofilaj nan jagon lapolis la, n ap wè polisye ayisyen yo konn fè pwofilaj “sosyal” ki pa egzakteman menm tip pwofilaj ak pwofilaj rasyal la, men kondisyon sosyal yon moun ka parèt sou plizyè fasèt. Lè polisye ap ranmase moun nan arimaj, yo pa pran tout moun, gen moun yo pran, gen lòt yo p ap pran.

Pou Jobard Fabien ak Lévy René, pwofilaj rasyal se kèlkeswa jeneralizasyon ki fèt sou baz ras, etnisite, koulè po oswa sou orijin nasyonal lè pou yo pran yon desizyon (kontwòl, envestigasyon oswa siveyans) olye yo sèvi ak prèv materyèl[7].  Pou menm otè yo, dapre teyori menas rasyal la, lapolis la pou li pwoteje popilasyon ki nan kouch oswa klas dominan yo[8]. Gen yon atik ki parèt anba plim Dan Coughlin ak Kim Ives nan jounal Haïti Liberté edisyon 22-28 jiyè 2011 ki vin kore deklarasyon sa a. Atik la sèvi ak yon kab diplomatik ki soti anba men Anbasadè James Foley[9] pou li esplike kouman boujwazi peyi a ap pran kontwòl PNH la pou li fè l tounen yon polis prive[10].

Gen yon pawòl ki di : “lè lapolis ap fè arimaj, li pa ranmase tout moun”. Nou sèten lè lapolis ap fè arimaj, li gen mwayen pou li idantifye moun pou li arete yo. Li ta bon pou òganis dwa moun yo ta fè ankèt sou pwofil sosyolojik sitwayen ayisyen lapolis renmen arete nan arimaj yo. Nan epòk diktati Franswa Divalye, te gen chalan ki te konn ranmase malere pye atè oswa moun k ap mache sal nan lari Pòtoprens. Rejim makout la pa t ka bay moun travay, men li pa t ka wè pòv malere nan lari. Dapre temwayaj nou jwenn nan men sitwayen lapolis te ranmase nan arimaj, nou kapab di gen de (2) fòm arimaj. Gen yon arimaj ki fèt lè lapolis ap fè ankèt sou yon zak kriminèl ki pase yon kote. Lè konsa, yo triye moun pou yo pran yo selon pwòp kritè yo. Gen yon lòt fòm arimaj se lè lapolis ap bwote malere met nan gadavi, epi pou fanmi malere sa yo ap kase tèt yo pou yo jwenn lajan pou yo fè lage kinan yo. Fanmi ki pa ka jwenn lajan yo, mèt konnen pitit yo pral kanni nan Penitansye Nasyonal.

Pou ki sa tout pawòl sa yo ? Konpòtman degradan yo ap choke Ayisyen lè yo wè yo nan televizyon peyi etranje. Nou ta renmen yo choke yo tou, lè y ap fèt nan peyi nou an, tou pre nou. Menm jan sa ki rive George Floyd la choke anpil Ayisyen, se pou yo reyaji lè kalite zak sa yo fèt sou moun nan peyi Desalin nan.

Kondisyon lajistis ap trete moun nan peyi a, depi nan arimaj, pase nan maspinay, sote sou pake prizonye tankou bèt, janbe sou “detention préventive prolongée”, rive nan koukounan malere san resous nan prizon, tout zak sa yo se zak ki montre kouman lajistis nan peyi a pa gen okenn respè pou diyite moun. Ameriken nwa yo ap batay pou lajistis respekte diyite yo kòm moun. Batay pou respè diyite moun nan depase prejije koulè ki nan sistèm lajistis rasis Etazini an. Anvan yon moun gen yon koulè po, li se yon MOUN. Meyè fason pou nou fè dwa moun triyonfe lakay vwazen, se batay pou nou fè yo respekte dwa moun ak diyite moun nan espas kote n ap evolye yo.

E si de pwoblèm yo ta gen menm orijin ?

Etazini se yon pisans enperyal, sa vle di yon Leta k ap kontwole plizyè lòt Leta tankou ti sibaltèn li. Yon pisans enperyal, (yon lanpi)[11] pa gade sou evènman pou li deside ki konpòtman pou li adopte nan yon sikonstans. Enstitisyon tankou Anbasad ameriken, BINUH[12] ak Core Group la, yo la, y ap egzekite sa estratèj Depatman Deta deja deside sou do peyi a depi Wachintonn. Politik Lanpi ameriken kont sèten peyi nan Basen Karayib la, se yon politik yo redefini nan Depatman Deta depi sou Hillary Clinton pou yo te bare inisyativ PetwoKaribe Chavez la[13]. Nou di sa pou nou pa kite pèsonn konprann yon Anbasadè ka enfliyanse politik Etazini an Ayiti. Men, chak anbasadè, selon pèsonalite li, li ka bay aksyon li yon touch ki gen plis imanite osnon plis dispozisyon ki montre nati reyèl Lanpi ameriken an. Etazini gen de (2) gwo reprezantan nan peyi a : Michele Sison ki se anbasadris Etazini, epi chèf BINUH an ki se anbasadris Helen Meagher La Lime (Elèn Megè Lalim). De (2) pèsonaj sa yo se reprezantan dirèk Prezidan Donald Trump. Sa vle di, se moun ki la pou yo deplòtonnen vizyon Trump sou rapò Etazini ak Ayiti, men tou, sou jan Prezidan an konprann rapò moun ak moun. M. Trump se yon moun ki p ap rate yon okazyon si se pou li montre li se yon rasis. Sonje ki jan li te trete Meksiken yo[14]. Sonje ki jan li te trete Ayiti ak lòt peyi afriken yo[15]. Jouk nan koub ideyolojik ki ta sanble ap parèt nan reyaksyon sou sasinay George Floyd la, se kouran ideyoloji sipremasis blan yo ki t ap mennen Etazini. Sonje youn nan estratèj Trump nan eleksyonn 2016 yo sete Steve Bannon (Estiv Banonn) ki fè prèv li nan kouran ekstrèm dwat entènasyonal la. Sonje konsèy li te bay patizan Marine Lepen[16] yo an Frans :”kite yo rele nou rasis, kite yo rele nou zenofòb, kite yo rele nou nativis, pran jouman sa yo tankou yon mak onè[17]. Santiman rasis la mache ak ideyal dominasyon, ideyal kraze lòt moun. Se santiman sa a Prezidan ameriken mete deyò lè l ap plede repete mo “DOMINE[18]” a. Mo “DOMINE” sa a depaman ak ideyal “Libète” nou jwenn lakay Arendt la. Volonte “kraze/domine” peyi a te toujou la, Ayiti, li kòmanse nan bòykotay rekonesans endepandans peyi a ki pran 60 lane apeprè, se pou lide imanis 1804 yo rasis yo kontinye ap bare peyi a. Prejije koulè retounen an fòs nan peyi a sou Lokipasyon (1915). Epi, kraze/domine a ap pran fòm li jodi a nan eseye toufe aspirasyon LIBÈTE ak BYENNÈT yon pèp k ap mande “kote kòb Petwokaribe a ?”. Toufe aspirasyon pèp ayisyen an se tout kalite sipò de (2) reprezantan Leta ameriken sa yo ap bay gouvènman PHTK a. Enterè ameriken pa an danje an Ayiti. Se mepri pou moun ki fè 2 reprezantan sa yo montre yo pa gen okenn etadam pou malere Ayisyen k ap peri san sekou anba yon kriz politik k ap fini ak ekonomi peyi a. Se menm santiman mepri rasis la ki esplike endiferans de (2) reprezantan sa yo sou eleksyon ki pa janm fèt nan peyi a depi 3 zan. Pa gen eleksyon, pa gen opozisyon, gouvènman peyi a ap pran lòd nan men mafya entènasyonal la, li gen tout maj mannèv pou li fonksyone san enstitisyon kontwòl, tankou nan epòk Divalye yo jan mafya entènasyonal la ta bezwen. Konsa, gouvènman an alèz pou li dirije peyi a anba kout dekrè. Dekrè ki entèdi 5 moun reyini ansanm nan se yon malè pandye sou tèt tou moun ki vle reklame dwa yo nan peyi a[19]. Men, pou gouvènman an te rive kraze mobilizasyon kont rejim PHTK a, se pou nou sonje se anbasad sa yo ki mete mèsenè ak sòlda etranje nan tèt tout 2004 la pou yo ka fizye manifestan k ap mande regleman sou kòb Petwokraribe a.

Nou te kòmanse atik la pou nou montre kèlkeswa chanjman ki nesesè nan yon sosyete, sa mande enplikasyon moun k ap viv nan sosyete a. Sitwayen yo dwe pote kole nan lit pou chanjman yo avèk detèminasyon, paske fòs retwograd yo toujou ap veye okazyon pou yo toufe aspirasyon kouch popilè yo. Se ak benediksyon anbasad ameriken zotobre PHTK, boujwa bòdmè minen peyi a ak gang nan tout kò teritwa peyi a. Èske peyi a ka rete anba kontwòl gang jouktan letan bout ? Non! Malgre konpleksite defi sa yo, se sèl nou menm Ayisyen ki ka ranje peyi nou. Pi gwo byen yon lòt peyi ka fè pou Ayiti, se pa fè peyi a mechanste pou granmesi. Èske Ameriken ka esplike, ki enterè reyèl yo genyen lè yo mete PHTK sou pouvwa ak misyon pou rejim nan detwi peyi a ak tout moun ki ladan l ? Menm jan, sosyete ameriken an rive nan yon kafou pou li pran yon wout ki ouvè sou plis respè pou dwa moun, se konsa tou, nou menm Ayisyen nou genyen pou nou envante yon fòm batay ki pou mete move zanmi sa yo nan yon sitiyasyon kote l ap enposib pou yo toufe peyi a tankou yon George Floyd.

Pierre Michel Chéry


[1] Hanna Arendt se yon fanm, li se yon filozòf ki ekri plizyè liv ak atik sou filozofi politik. Liv ki enterese nou pou atik sa a se “La Condition Humaine”, 1961

[2] Abensour M. (2002), « Pour une philosophie politique critique ? », Tumultes, 2001/2-2002-1 n° 17-18, p. 207-258. DOI : 10.3917/tumu.017.0207

[3]  “La liberté, en effet, est la question propre de la politique, son élément au sens fort, pourrait-on dire. Telle est la spécificité de la politique, selon H. Arendt dans son étude Qu’est-ce que la liberté ?”

[4] Emilie Mee, Who was George Floyd? The ‘gentle giant’ who was trying to turn his life around, SkyNews

https://news.sky.com/story/who-was-george-floyd-the-gentle-giant-who-loved-his-hugs-11997206, dat konsiltatsyon 5 fevriye 2020

[5] BOID: Brigade d’opérations et d’interventions départementales (Brigad pou Operasyon ak Entèvansyon nan nivo Depatman)

[6] https://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/152218/Pierre-Esperance-reclame-la-dissolution-de-la-BOID, date konsiltasyon 6 jen 2020

[7]On appelle « profilage racial » (ethnic profiling) l’emploi de généralisations fondées sur l’ethnie, la race, la religion ou l’origine nationale supposées plutôt que sur des preuves matérielles ou le comportement individuel pour fonder la décision de contrôler l’identité d’une personne ou d’engager des poursuites, et plus généralement pour toute activité de contrôle, de surveillance ou d’investigation

[8] Jobard F. ak Lévy R. (2010). “On peut aussi estimer que la police a historiquement pour fonction la protection des populations dominantes (racial threat theory).” Nan Profilage racial, Dictionnaire de Criminologie

http://criminologie.com/article/profilage-racial, dat konsiltasyon : 5 jen 2020

[9] Ansyen Anbasadè Etazini nan Pòtoprens nan ane 2003-2005 yo

[10] http://www.haiti-liberte.com/archives/volume4-49/la%20police,%20une%20milice%20priv%C3%A9e.asp

[11] Lè Ayisyen di sou Lanpi, yo vle pale pou tan Soulouk te Anperè nan peyi a. Nou itilize mo lanpi a nan sans jeneral li

[12] BINUH : Bureau Intégré des Nations Unies en Haiti (Biwo Nasyon Zini an Ayiyi)

[13] IVES Kim, (2011) New WikiLeaked Cables Reveal: How Washington and Big Oil Fought PetroCaribe in Haiti, HaitiLiberte, Europe Solidaire sans Frontière, 1 jen 2011

http://europe-solidaire.org/spip.php?article28040

[14]“Ils apportent des drogues. Ils apportent le crime. Ce sont des violeurs. »   Pawòl jounalis Marie Le Douaran, nan jounal L’Express 17/06/2015 à 13:45 , mis à jour à 15:52

https://www.lexpress.fr/actualite/monde/amerique-nord/donald-trump-deja-president-des-declarations-racistes-et-complotistes_1690474.html, dat konsiltasyon 5 jen 2020

[15] “shithole countries”, https://edition.cnn.com/2018/01/11/politics/immigrants-shithole-countries-trump/index.html

[16] Prezidan pati politik Front National (Fwon Nasyonal) nan peyi Lafrans

[17] McBain Sophie (2018) “Let them call you racists, let them call you xenophobes, let them call you nativists, wear it as a badge of honour.

[18] Dominate

[19] Referans Le Moniteur

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

ONU | Israël et l’Iran s’accusent mutuellement de menacer la paix

L'Iran a déclaré que son attaque était une réponse à la frappe aérienne meurtrière du 1er …