Anpil fwa, kriz politik yo debouche sou plizyè lòt kriz : ekonomik, sosyal. Jodia li enpòtan pou n gade kriz politik la nan nannan l.

Nou di kriz politik se lè popilasyon an pèdi konfyans nan otorite politik kap pran desizyon pou li yo, konsa li evolye yon sitiyasyon panik ki ka mennen sosyete a nan gè sivil, osnon nan kriz grangou kote pral gen grèv, ak gwo mouvman manifestasyon nan tout peyi a, revòlt elatriye.

Ann gade apwòch sa, sitou nan sa kap pase an Ayiti a.

Depi aprè 7 fevriye 2021 kote Prezidan Jovenel Moïse vyole Konstitisyon 1987 la atravè atik 134-2 ki bay pwovizyon legal sou dire manda Prezidan an.

Konsa, nou konstate peyi a plonje nan yon kriz politik kote sosyete a nan tout konpatiman l ( sosyete sivil, lidè relijye, òganizasyon dwa moun, pati politik, òganizasyon sosyal tout lidè politik) te mobilize pou mande respè Konstitisyon an, ebyen kòm repons pouvwa a li al ranfòse tout gwoup gang nan katye popilè yo, bay gwo lajan makonnen ak gwo zamm pou kraze tout mobilizasyon kap fèt nan peyi a.

Kòm konsekans, gang yo deside masakre popilasyon sivil la boule kay yo asasinen yo epi egzile yo nan pwòp peyi yo, fè yo kite kay yo pou al dòmi sou plas piblik. Asasinen polisye, kounya yo ap mache pran tout komisarya boule yo mete polisye deyò. Bloke wout elatriye.

Jodia sitiyasyon sa, bay gwo kè sote ak lòt peyi ki di yo se zanmi peyi Dayiti pandan boujwazi ak gouvènman pwofite kriz politik sa pou kase ponyèt klas mwayèn ( moun ki ka manje tou piti yo). Kidonk li debouche sou pwoblèm gaz, dola a menm ap grenpe bwa.

Nap fini pou n di tout kriz politik mennen peyi a nan enstabilite politik konsa li gen gwo konsekans sou lavi. Nan sans sa, sèl mobilizasyon ki ka chanje sitiyasyon sa pwiske pa gen posiblite pou pèsonn aktè politik dyaloge ni kowabite ak Jovenel ebyen se flanbo mobilizasyon ki dwe met fen nan kriz la.

Se ak konsyans moun batay pou sa chanje se nan batay moun pran konsyans.

Jacques Wilson JEAN

#Vyepapa

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

RDC | « Suicide » de Chérubin Okende : la famille n’y croit pas

Une conclusion qui surprend, alors que des images montrant son corps criblé de balles avai…