Ayiti se peyi ki pi fèb nan Karayib la kote estrikti l kreye pou gouvènen l, sa nou rele Leta a, paka reponn ak okenn katastròf natirèl ni mete baliz pou anpeche plis moun viktim lè nou fè fas ak sitiyasyon sa yo tou.

Se yon feblès ki lakòz chak katastròf natirèl bay posiblite pou ONG melanje ak Tiblan Mannan anvayi peyi nou epi krache sou mizè nou piplis kòm pèp.

N ap fè yon ti rapèl, nan lane 2010 kote Ayiti te konnen yon terib tranbleman tè ki te touye plis pase 300.000 (twasan mil) ayisyen selon moun ki plase pou jere risk ak dezas nan peyi a.

Konsa, sou lobedyans Bill Clinton ak ansyen PM Jean Max Bellerive, yo te kreye yon komisyon ki te pote non «Commission Intérimaire pour la Reconstruction d’ Haïti» CIRH kote prèske $16.000.000.000 (sèzmilya dola vèt) gaspiye pandansetan 1.500.000 (1milyon senksan mil) moun ki te san abri ak anviwon 800.000 moun ki te soti blese nan tranbleman tè a pat jwenn bon swen ka yo te nesesite (Raoul Peck, Assistance Mortelle). Kidonk peyi a vin plis nan mizè.

Ki wòl ONG yo nan moman katastròf natirèl sitou nan peyi sou devlope yo ?

ONG vini nan lide pou vin pote èd yo ba ou swa yo pote èd imanitè tankou sa wap bezwen ijan nan moman katastròf la frapew la toudepan ki katastròf natirèl yap toujou pote dlo, manje, pwodui sanitè ak medikaman san direktiv Leta peyi kote yo vin pote èd la (frekansite).

Men tou, w ap jwenn kèk lòt ONG tou ki vini pou rekonstwi sa katastròf la te detwi tout se tentennad vin plen pòch yo nan konplisite ak kèk ayisyen kowonpi pou al kreye richès nan peyi yo.

Jodia se nan menm linèt sa map founi je gade sa kap pase nan Depatman Sid, Grandans ak nan Nip aprè tranbleman tè 14 dawout ki sot pase la kote ONG, Leta, kandida melanje ak kèk sitwayen ki ka gen bòn volonte pou ride moun ki viktim yo jwenn yon kichòy plonje nan menm lojik asistana san direktiv yon estrikti legal ki ta dwe pèmèt èd yo rive jwenn viktim yo tout bon vre.

Men sa ki dwe fèt :

1- Kreye yon komisyon rapid ak kèk pèsonalite onèt nan peyi a pou jere kriz la epi resevwa tout èd kap rantre pou fè yon bon jesyon kriz la.

2- Mete yon sikilè pou di se komisyon an ki gen pouvwa sèlman pou distribiye tout èd yo.

3- Monte yon selil kominikasyon kap enfòme sitwayen ak peyi ki bay patisipasyon yo kijan sa yo bay yo rive jwenn viktim yo nan tout transparans.

Jacques Wilson JEAN (Vyepapa) Militan Politik
Kòdonatè Jeneral FON (Fòs Òganizasyon Nò)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

SPORT | Pourquoi le football sud américain est encore plus performant que l’Europe

[...] en considérant toutes les rencontres opposant européens et sud américains au cours d…