Miwo-Miba tradwi ekpresyon lavi pèp ayisyen an, kote yonn ap byen viv pandan’l met pye sou kou yon lòt kap mal viv. 

Nan lane 1804 nou vle pale de viktwa esklav yo pou yo te vin lib, konsa yo te antann pou yo te gen bout tè sa ki tap rele yo chè mèt chè mètrès, lè sa pat gen zureik, Bigio, Brown, Abdallah, se te Toussaint, Dessalines, Christophe Ak Petion, konsa tout tè yo te pou Ayisyen san esklizyon.

Rapò miwo-miba sa tanmen sou yon fòm eksplwatasyon ki makonnen ak menm lojik esklavajis yo. Kote relijyon vin zouti pou yo te kap tabli kò yo nan di yap pote levasyon pou nou. Konsa yo koumanse repran kontwòl peyi a anplis nan fòmasyon yap ban nou, yo jete tout lide pou’n ta revòlte, yo fè nap viv ak yon konsyans nayif. Kòmkwadire blan se Bondye, nwa se satan.

Tout 5 dwèt yo pa menm longè fòk nou aksèpte viv nan mizè pou’n ka benefisye wayòm syèl la.

Se konsa nou vin ap pèdi konsyans mounite nou epi nou pèdi lespri pou’n revòlte kont yo, yo pran tout bout tè nou yo. Pandan mizè nou ap anpire chak jou pi plis. Yo menm pran kontwòl vant nou, jodia yo pran kontròl politik la tou paske se yo ki gen lajan pou finanse kandida.

Kidonk rapò miwo-miba sa sòti nan yon apwòch istorik kote pèp Ayisyen mare nan lespri yo pwiske  se yo ki kembe nou nan mizè nwa sa ebyen yonn nan mannyè pou’n wete tèt nou nan sa nou ye a se wout revolisyon an pou’n pran, lè sa n’ap idantifye vrè ledmi nou yo. 

Nou bezwen tabli pwojè byennèt pou tout moun nan.

Jacques Wilson JEAN

#Vyepapa

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Check Also

RDC | « Suicide » de Chérubin Okende : la famille n’y croit pas

Une conclusion qui surprend, alors que des images montrant son corps criblé de balles avai…